Joe Biden: "Tèt-Ansanm pou Pwosperite Ekonomik "Pou Peyi Amerik yo

  • Serge Michel

Prezidan Joe Biden pale pandan seremoni ouveti Some Dez Amerik la Mekredi, 8 Jyen 2022 nan Los Angeles.

Prezidan Etazini Joe Biden lanse sa Mezon Blanch rele Tèt-Ansanm pou Pwosperite Ekonomik nan peyi Amerik yo pou pèmèt tout peyi gen menm chans la pou yo reprann yo apre pandemi an.

E mouvman sa a mache ak plis pase 300 milyon dola èd pou konbat ensekirite alimantè nan yon rejyon ki sibi efè ekonomik Covid-19 ak lagè Ikrèn nan.

Biden te pale, mèkredi, nan Los Angeles ak lidè ki soti nan Amerik yo ak nan Karayib la nan Somè Amerik yo. Li di, "Nou pa toujou antann nou sou tout bagay, men paske nou se demokrasi, nou travay sou pwen kote nou pa dakò nan respè ak dyalòg.

Somè a vin manke atire atansyon akoz desizyon lidè peyi Bolivi, Gwatemala, Ondiras ak Meksik pou yo pa patisipe apre Etazini te di Kiba, Nikaragwa ak Venezuela pa ladann paske yo pa obsève Chart 2001 pou Demokrasi nan Amerik yo.