Accessibility links

Breaking News

Biden: Demokrasi Anba Atak Toupatou nan Mond lan


Prezidan Joe Biden pale pandan seremoni ouveti Some Dez Amerik la Mekredi, 8 Jyen 2022 nan Los Angeles.
Prezidan Joe Biden pale pandan seremoni ouveti Some Dez Amerik la Mekredi, 8 Jyen 2022 nan Los Angeles.

Prezidan Joe Biden di patisipan nan Somè Dèz Amerik la ke Demokrasi ap fè fas ak atak toupatou nan mond land.

Biden louvri somè Los Angeles la ak yon diskou mèkredi swa.

"Byenvini nan Los Angeles. Pwobableman mwen ta dwe rete la paske nan le pase mwen te swiv diskou ki difisilpou'm pale pi byen pase yo. Men mwen poko janm konstate yon sityasyon osi difisil pase sa mwen te konstate sa gen 45 minit de sa," Biden deklare. " Se yon onè pou'm akeyi lidè parèy mwen yo ki soti toupatou nan emisfè a pou 9èm somè dèz Amerik yo nan yon moman kote nou bezwen plis kowoperasyon, plis objektif komen, ide transfomativ. Se yon gwo bezwen jodia."

Lamezonblanch pa dakò ak lide ke absans kèk lidè kle nan Somè Dèz Amerik la semèn sa a vledi demokrasi ap fè mach ann aryè.

"Nan moman nap rankontre ankò jodia, nan yon moman kote demokrasi ap fè fas ak atak toupatou nan mond lan, ann kole tèt ansanm e renouvle konviksyon nou ke demokrasi se pa sèl bagay ki defini istwa Amerik yo, men se yon engredyan esansyèl pou avni Amerik yo," prezidan an di.

Responsab administrasyon Biden yo mèkredi te eseye mete aksan sou sekirite alimantè, chanjman klimatik ak lòt kestyon yap gen pou diskite semèn sa a, pou fè fas ak defi rejyonal yo.

Nan moman Prezidan Joe Biden tap rive Los Angeles pou somè a, konseye wo plase li yo te di somè a pa yon koz pèdi tou senpman paske Prezidan Meksiken Andres Manuel Lopez Obrador ak lot lidè yo deside pa vini. Pami peyi ki absan gen Kiba, Venezyela ak Nikaragwa.

Enfomasyon pou repotaj sa a soti nan Associated Press

XS
SM
MD
LG