Pwochen Parèt Ayisyen Jaar Devan Tribinal Miami Ranvwaye pou 29 Avril

Rodolphe Jaar, youn nan akize nan asasina Prezidan Ayisyen Jovenel Moise.

Biznisman Ayisyen Rodolphe Jaar, youn nan sispèk kle nan asasina Prezidan Ayisyen Jovenel Moise yo gen yon nouvo avoka e li mande pou ranvwaye odisyon ki te sipoze fèt devan yon jij federal tribinal Miami 25 Fevriye a pou mwad Avril la pito.

Moise te mouri asasinen anvan soley la te leve 7 Jiye 2021 nan rezidans prive li nan Pelrin, yon banlye kapital Ayisyen nan Potoprens. Madanm ni, Martine Moise te blese pa bal e li te al resevwa swen nan yon lopital nan Miami. La jistis Ayisyen arete plis pase 40 moun an koneksyon ak krim sa a, pami yo manm Polis Nasyonal Ayiti, ak yon gwoup ex-solda kolonbyen, epi plizye Ayisyen Ameriken.

Nan dokiman legal ke VOA Kreyòl wè, Jaar kite tonbe avoka leta ki tap reprezante li, Joaquin Padilla e li ranplase'l ak yon nouvo avoka ki rele Frank Schwartz. Chanjman sa a fet 27 Janvye.

Mèt Schwartz Mande la jistis pou ranvwaye dat odisyon 25 Fevriye a apre li te komanse jere dosye a. Li fè konnen nan demann li fè a, ke lap bezwen jiska 29 Avril, 2022 pou revize dokiman ki gen rapò ak ka a, pale ak kliyan li epi prepare yon bon jan defans. Avoka Jaar la presize ka a konplèks anpil, gen anpil fè pou egzamine e ke delè a nan enterè la jistis ak piblik la, an menm tan li kenbe kont lwa peyi Etazini ki mande pou jijman yon akize fèt rapidman.

Avoka gouvènman Etazini an, AUSA (Assistant US Attorney) Walter Norkin pa opoze demann nan.

Norkin fè konnen nan repons li, ke li gen kontak regilye ak akize a epi avoka li, e ke li kwè ranvwa a nan enterè leta tou, paske leta vle gen ase tan pou jere tout prèv li pral pote kont Jaar devan tribinal la pou pwouve kilpabilite li fas ak akizasyon kap peze kont li yo.

Nap raple ke Lajistis Ameriken akize Jaar deske li te founi sipo materyel pa rapò ak yon konplo ki te rezilte nan lanmò yo lide etanje epi deske li te patisipe nan yon konplo pou kidnape oubyen touye yon moun andeyò peyi Etazini.

Menm 2 akizasyon sa yo ap peze kont ex-milite kolonbyen Mario Antionio Palacios Palacios ki femen nan prizon nan Miami tou.

Pwochen paret Palacios va fe devan tribinal se va 4 Mas, dapre dokiman legal VOA we. Pandan odisyon sa a misye va gen pou li plede swa koupab oubyen non koupab.

Pandan paret misye devan tribinial Miami 4 Fevriye, avoka Alfredo Izaguirre te di lapres kliyan ni gen entansyon plede non-koupab.