Ayisyen nan La Risi Preokipe Apre Envazyon Ikrèn nan

Foto Achiv: Yon ri anbalavil Belgorod, La Risi, 10 Out 2021.

Ayisyen k ap viv nan vil Mouskou, kapital La Risi ak Belgorod eksprime prewokipasyon ak krent yo apre Prezidan Vladimir Putin te deside pase lòd ak twoup li yo pou yo anvayi rejyon ès Ikrèn.

Tchedly Jackson Alexis, ki se yon etidyan ayisyen kap viv Moskou deklare "Premye prewokipasyon anpil moun se dosye transfè bankè a".

Alexis, ki ap viv nan La Risi depi 2020, di li pè pou yo pa koupe La Risi nan SWIFT lan.

SWIFT (Society for Worldwide Interbank Financial Telecommunication) se yon antite ki fasilite e egzekite transfè lajan ant bank toupatou nan mond lan.

"Retire La Risi nan SWIFT, se yon opsyon," Prezidan Ameriken Joe Biden te deklare pandan li tap anonse yon premye seri sanksyon kont La Risi Mèkredi.

Si sa rive, etidyan ayisyen yo t ap gen anpil difikilte, sitou finansye.

"Nou youn pap ka resevwa lajan nan men pwoch nou Ayiti," Tchedly Jackson Alexis, ki konte sou fanmi l ki ap viv ann Ayiti pou ede l nan peye etid nan dwa entènasyonal lap fè nan inivèsite RUDN.

Sepandan, plizyè etidyan nan peyi La Risi pa kache enkyetid yo tou pou lavi yo, paske yo pè pou sityasyon an pa eskalade.

Pa egzanp, gen ayisyen nan vil Belgorod ki kouri achte tikè pou kite vil la, ki sitye nan wès La Risi tou pre frontyè Ikrèn.

"Bo 6h20 te gen anpil misil. Ikrèn te riposte," Evenson Predestin, prezidan Kominote Etidyan Ayisyen nan La Risi deklare.

Pi lwen, Predestin konfime dola a monte depi lè La Risi deplwaye militè l yo nan ès Ikrèn.

"Dola a kite koute 75 roub anvan atak la, monte a 90 roub apre atak la," Predestin deklare.

Misye di pou kounyea, gen avyon militè kap siyonnen vil la. Lame nan lari ap siveye tout jwenti.