Accessibility links

Breaking News

Mwayen Oryan

Yon 2èm Konvwa Asistans Rive Gaza

Volonte flote drapo Palestinyen ak Ejipsyen pou akeyi yon kamyon kap transpote asistans imanite nan Gaza, nan moman lap travese fwontye Rafah a, nan Rafah, Ejipt, Dimanch 22 Oktob, 2023.
Volonte flote drapo Palestinyen ak Ejipsyen pou akeyi yon kamyon kap transpote asistans imanite nan Gaza, nan moman lap travese fwontye Rafah a, nan Rafah, Ejipt, Dimanch 22 Oktob, 2023.

Yon dezyèm konvwa asistans pou sivil Palestinyen ki dezespere, rive Gaza nan moman Izrayèl ap ogmante atak li yo epi frape sib nan La Siri ak Sisjòdani.

Pandansetan, premye minis Israyelyen an lanse yon pinga bay gwoup militan Libanè Hezbollah a pou di si li lanse pwòp lagè pa li, Izrayèl pral "kriple li ak yon fòs li paka menm imajine."

Depi plizyè jou, Izrayèl ap fè preparasyon pou yon envazyon terès nan Gaza apre tak brital Hamas te lanse kont li 7 Oktòb pase a, atravè plizyè kominote Izrayelyèn.

Tank avèk twoup pran pozisyon sou frontyè Gaza a, epi yap tann lòd pou yo travèse antre.

See all News Updates of the Day

Mwayen Oryan: Kominote Entènasyonal la Gen Gwo Kè Sote Pou Rejyon an

Mwayen Oryan: Kominote Entènasyonal la Gen Gwo Kè Sote Pou Rejyon an
please wait

No media source currently available

0:00 0:03:02 0:00

Fòs Izrayelyen yo bonbade pozisyon Ezbola a nan Liban nan moman kominote entènasyonal la eksprime enkyetid li pou konfli pa simaye pou l enkli lòt peyi. Marie Luce Pierre

Atak Izrayelyen Touye Chèf Inite Elit Hezbollah a

ISRAEL-PALESTINIANS/LEBANON
ISRAEL-PALESTINIANS/LEBANON

Yon sous pwòch Hezbollah di AFP Vandredi ke lidè fòs Al-Radwan, inite elit fòmasyon libanè pro-Iranyen an, te pèdi lavi l nan yon atak Izrayelyen nan sid Beyrout.

Atak la, ki vini kèk jou apre plizyè aparèy transmisyon mouvman Islamis Libanè a te ekzploze, sa ki te koze lanmò omwen 3 moun ak blese 17 lòt dapre sa Ministè Sante Libanè a di.

Yon sous ki pwòch Hezbollah di AFP ke "atak Izrayelyen an te vize lidè fòs Al-Radwan, Ibrahim Aqil, li te mouri".

Ofisyèl sa a te nimewo 2 militè gwoup la. Lidè militè Fouad Chokr te pèdi lavi li nan yon atak menm jan an nan sid Beyrout, 30 jiyè pase a.

Etazini tap chèche Ibrahim Aqil, alias Tahsin, pou wòl li nan atak kont anbasad Etazini an nan Beyrout nan mwa avril 1983, ki te touye 63 moun, ak atak kont Marin Ameriken an nan mwa Oktòb 1983, ki te touye 241 sòlda.

Chanèl Hezbollah al-Manar te difize an dirèk videyo ki soti nan sèn atak la, ki montre yon bilding ki te tonbe ak anbilans k ap kouri sou sèn atak la .

Lufthansa Pwolonje Sispansyon Vòl li nan Mwayen Oryan

Gwoup Alman Lufthansa anonse Jedi ke li pwolonje sispansyon vòl li yo nan Tel Aviv ak Teheran jiska 24 septanm, jiska 26 oktòb pou Beyrouth, akòz tansyon ki gen nan rejyon an.

Nan yon deklarasyon Gwoup la te di "Akòz sitiyasyon aktyèl la, Lufthansa Group ap chanje yon lòt fwa ankò orè vòl li yo". Konpayi a, ki gen pi gwo gwoup avyon Ewòp la pibliye yon deklarasyon, apre li te repete orè vòl li yo nan rejyon an, tankou lòt konpayi avyon nan semèn ki sot pase yo te fè.

Yo Fouke yon Izrayelyen Ki Te Fè Pati Yon Konplo ak Iran pou Asasinen Netanyahu

FILE PHOTO: Israeli Prime Minister Benjamin Netanyahu attends apress conference in Jerusalem
FILE PHOTO: Israeli Prime Minister Benjamin Netanyahu attends apress conference in Jerusalem

Otorite an Izrayèl arete yon sitwayen ke yo akize te fè pati yon konplo ak Iran pou elimine Premye Minis Benjamin Netanyahu.

Otorite yo te anonse Jedi nouvèl sila, mwens pase 2 mwa apre yo te touye nan Teheran ansyen lidè Hamas la, Ismaïl Haniyeh, nan mitan lagè Gaza.

Lè sa a, Repiblik Islamik Iran te akize Izrayèl, li fè konnen se yo ki responsab aksyon sila, li te asasinen lidè mouvman islamis palestinyen an, epi lidè siprèm, Ayatollah Ali Khamenei, e li te imedyatman menase pou yo"tire revanj ". Jiskaprezan Izrayèl pa fè okenn kòmantè sou asasina sila.

Jedi, lapolis Izraelyen ak Shin Bet (entèlijans domestik) anonse ke yon ankèt yo te mennen mennen yo ak arestasyon yon biznisman Izraelyen ki te "rekrite pa sèvis entèlijans Iranyen yo" nan kad yon plan pou "asasine pèsonalite Izrayelyen" tankou Mesye Netanyahu, men tou Minis defans li a, Yoav Gallant, chèf Shin Bet la, Ronen Bar, ansyen Premye Minis Naftali Bennett ak lòt pèsonalite nan peyi a.

Dapre medya Izraelyen yo, sispèk la, ki nan detansyon depi 29 out, se yon jwif ki soti nan vil Ashkelon (sid), Mordechai Maman, li fèt an 1952.

Nonm yo arete a "antre nan kontrebann nan peyi Iran 2 fwa epi yo te peye l pou fè misyon" nan Izrayèl, dapre sa fòs lapolis la ak kò espesyalize ak Shin Bet fè remake nan yon deklarasyon ansanm, san yo pa presize idantite sispèk la.

Kominike pou laprès la presize ke sispèk la te "te viv nan peyi Latiki pou yon peryòd de tan ", ke li te gen lyen ak Latiki ak Iran ki te mete l 'nan kontak nan telefòn ak yon "biznisman rich (k ap viv) nan Iran ke yo te rele Eddie."

Li te antre an Iran an sekrè nan mwa me 2024 pou yon reyinyon fas a fas ak Eddie.

Lidè Hezbollah a di Atak Bipè a Depase Limit yo

Yoon dam kenbe foto yon manm Hezbollah ki te mouri Mekredi apre yon aparey elektwonik li tap itilize te eksploze, 19 Sept. 2024.
Yoon dam kenbe foto yon manm Hezbollah ki te mouri Mekredi apre yon aparey elektwonik li tap itilize te eksploze, 19 Sept. 2024.

Lidè Hezbollah a deklare seri atak ki sible aparèy kominikasyon gwoup la sete yon "gwo kou" ki travèse yon "liy wouj".

Hezbollah tire sou Izrayèl ak dron Jedi maten nan sak sanble yon siy gwoup la ap eseye jere atak li kont Izrayèl pandan konfli Izrayelo Hamas la. Hamas se yon alye Hezbollah a.

Nan yon operasyon ke anpil moun kwè sete travay Izrayèl, plizyè santèn bipè ak walkie-talkie ke Hezbollah a sèvi te sote. Omwens 32 moun mouri pami yo 2 timoun epi 3 mil lot blese.

Load more

XS
SM
MD
LG