Accessibility links

Breaking News

Plis Moun ap Lanse Apèl pou Senatè Bob Menendez Demisyonnen


Senate Demokrat Ameriken Bob Menendez (New Jerze) rive nan tribinal federal la nan Nouyok, 27 Sept. 2023.
Senate Demokrat Ameriken Bob Menendez (New Jerze) rive nan tribinal federal la nan Nouyok, 27 Sept. 2023.

Plis Moun ap Lanse Apel pou Senatè Bob Menendez demisyonnen nan moman kote li pare pou konparèt devan tribinal federal pou fè fas ak akizasyon kriminèl lajistis lanse kont li.

Pwokirè gouvènman an akize Menendez dèske li te sèvi ak pouvwa li pou avanse enterè peyi Ejipt, epi fè kèk bagay pou ede biznisman lokal an echanj pou lajan kach ak gwo bout lo kom poubwa.

Menendez pral fè premye parèt lidevan tribinal Mèkredi nan Manhattan.

Lajistis akize madanm Menendez tou.

Koup la pa di anyen nan moman yo te rive nan tribinal la.

Men anvan sa, Menendez te defye akizasyon an kom san fondman.

Senatè Demokrat Dick Durban, ki reprezante eta Ilinwa Sena Etazini deklare "Misye te dwe rache manyok li."

XS
SM
MD
LG