Accessibility links

Breaking News

Messi, Ajantin Anba Presyon pou Match Meksik la nan Mondyal Qatar la


Lionel Messi, jwe vedet seleksyon naysonal Ajantin nan reyaji apre li rate yon gol pandan match Gwoup C ekip la kont Arabi Saoudit, Madi 22 Nov. 2022.
Lionel Messi, jwe vedet seleksyon naysonal Ajantin nan reyaji apre li rate yon gol pandan match Gwoup C ekip la kont Arabi Saoudit, Madi 22 Nov. 2022.

Nan Doha, Qatar, kote Mondyal Foutbòl la ap dewoule, fanatik Arabi Saoudit yo e kèk fanatik Brezil ap chante yon chanson ki mande: "Kote Messi? Nou pete je li!" Yo chante nan lang Arab - e yo sevi ak yon ekspresyon ki vle di imilye yon moun.

Messi ak seleksyon nasyonal Ajantin fè fas ak anpil kritik ak blag apre defèt 2-1 yo te sibi devan Arabi Saoudit e ki mete prezans yo nan tounwa a an danje. Se yon bagay yo pat prevwa.

Ajantin bezwen reprann konn tèt li san pedi tan pou match li ak Meksik Samdi, san kwa yo ka wont vre le yo pran kannè nan tounwa a.

Messi deklare: " Nou te toujou di nou pral chache genyen tout match nou yo. E kounyea plis ke jamè."

Eben yon konpatriyòt - vreman vre ansyen antrenè seleksyon nasyonal Ajantin - taka lakoz yo pran yon gwo kou.

Gerardo Martino te dirije ekip peyi natal li Ajantin ant ane 2014 ak 2016. Yo te pèdi chanpyona Copa America a youn apre lot e sa te lakòz li te fini pa demisyonen.

Kounyea Martino se antrenè seleksyon nasyonal Meksik la, e lap chache gide yo jiske final yo - petèt gras ak defèt AJantinn.

Meksik te pèdi match li nan premye tou etap eliminasyon an nan 7 dènye Mondyal yo - 2 fwa devan Ajantin - an 2006 ak 2010.

Fwa sa a, Meksik ap rankontre Ajantinn nan etap gwoup la men se deja yon sityasyon genyen ou mouri - 7 jou sèlman apre kòmansman Mondyal la.

Martino deklare: "Kounyea nou nan yon sityasyon ki gen menm anbyans ak final yo." Meksik te fè match nil ak Polòy nan Gwoup C a, 1-1.

Li ajoute: "Nou pat janm imajine yon senaryo tankou sa ki pral genyen demen an, men nap travay pou Meksik e nou vle tout sak pi bon pou Meksik."

XS
SM
MD
LG