Accessibility links

Breaking News

Mawòk Defye Tout Moun ak Taktik li Anplwaye nan Match Mondyal Foutbòl li yo


Jwe seleksyon nasyonal Mawok yo pot antrene Walid Regragui apre yo ranpote la viktwa sou Potigal nan ka de final Mondyal Foutbol Qatar la, Samdi 10 Desanm, 2022.
Jwe seleksyon nasyonal Mawok yo pot antrene Walid Regragui apre yo ranpote la viktwa sou Potigal nan ka de final Mondyal Foutbol Qatar la, Samdi 10 Desanm, 2022.

Mawòk defye sa tout moun te atann de li e li kraze anpil baryè lè li tounen premye peyi Afriken ki janm rive nan semifinal Mondyal Foutbòl la.

Mawòk te genyen sèlman 2 pami 16 match li te jwe nan lòt Mondyal yo.

Antrenè Walid Regragui kòmanse travay ak seleksyon nasyonal la, sa gen 4 mwa sèlman de sa, e jwè li yo ap goumen kont yon kilti kote peyi nò Afriken an pa tèlman bay bon randman nan listwa nan gwo tounwa foutbòl yo.

Kanmenm, Regragui gide ekip li pou l byen sòti nan match li kont Bèljik ak Krowasi epi apre sa pou l kale Espay ak Pòtigal.

Plan antrenè a deplwaye a se yon plan match gwoup jwè li yo, ki chaje ak talan, suiv a la lèt san okenn egoyism.

La Frans pral chache kraze plan sa a, nan semifinal yo.

XS
SM
MD
LG