Accessibility links

Breaking News

Lise Nasyonal La Saline Relouvri Pòt li Apre yon Poz 3 Zan


Lise Nasyonal La Saline Re-louvri, Elèv yo Kontan
please wait

No media source currently available

0:00 0:04:18 0:00

Lise Nasyonal La Saline Re-louvri, Elèv yo Kontan

Elèv Lise Nasyonal La Saline retounen nan sal klas yo 10 Janvye apre yon poz 3 zan akoz pwoblèm ensekirite.

"Jodia se 5èm jou lakay nou se 5èm jounen de gras apre 3 zan ke nou menm nou pat janm pile espas la," Ralph Relameau Vladimir, direktè lise a deklare nan yon pale ak elèv yo anvan klas yo te komanse.

"Kapab gen pwoblèm tankou nou bare men m'pa kwè gen de gwoup rivo kap batay. Se gen plis pase 6 mwa pa gen pwoblèm sa yo. Men an tèm de sa leta fè, ki entèvansyon leta fè ki pèmèt yo redui kestyon vyolans lan leta pa fè anyen," direktè a di VOA Kreyol.

Misye di se gras ak jefo kominote a ak volonte yo pou lekol la rekomanse fonksyone ke yo te ka relouvri.

Nan sal klas pwofesè Alekis Kecheny, elèv yo ap aprann panyol. Pwofesè a di nou li fè anpil sakrifis pou'l vinn anseye nan Lise La Saline nan.

"Mwenmenm mwen soti jis nan 3èm sikonskripsyon Fon Tamara 27. Donk vini'm la se yon enom sakrifis. Choz la pa fasil. Pa rapo ak ensekirite jeneralize a, Matisan pa gen pasaj, ou paka pase Matisan, m'oblije ap pase pa Sent Jude chak maten," li di nou.

Pou elèv ki tounen lekol yo, reouvèti a se yon soulajman.

"Yo te di zon nan pa bon, malgre nou defavorize se vre, men noumenm nan l'edukasyon nou fè efo pou nou avanse paske paske nou se avni zon nan, avni peyi a tou, nou bezwen edikasyon," yon elèv deklare.

Yon lot elèv pale de peripesi yo te pase pou rive nan pwen sa a.

"Nan moman sa yo nou te jwenn anpil difikilte pou nou jwenn yon bon etablisman. Gen de reyalite ke nou tap viv ki diferan pa rapo avek lokalite pa nou. Donk sa fe'm plezi ke mwen retounen nan lokalite pa'm," li di nou.

Kanta pou pawol kap pale sou ensekirite a, elèv la di sa pa tèlman afekte'l paske yo abitye avek yo.

Direktè Ralph Relameau Vladimir di Ayiti dwe aprann kijan pou l kenbe lekol yo ouvri pandan lap jere ensekirite a, menm jan lot peyi kote ki gen kalite kriz sa yo konn fè'l.

"Ann Afghanistan te gen pwoblèm, la Siri gen pwoblèm, lekol fonksyone. Nap gade Rouwanda gen yon peryod kote'k te gen pwoblèm. Jodia la a se yon modèl ann Afrik. Ann pran sa kom modèl tankou La Saline fè li pou ke Matisan, Lise Jacques Roumain fonksyone," li deklare.

XS
SM
MD
LG