Accessibility links

Breaking News

Jounal 'Haitian Times' ap Travay pou Konbat Dezenfòmasyon nan Kominote Ayisyèn nan


Men Kijan Jounal Dyaspora 'Haitian Times' Sible Fake News kap Sikile nan Kominote a
please wait

No media source currently available

0:00 0:03:13 0:00

Men Kijan Jounal Dyaspora 'Haitian Times' Sible Fake News kap Sikile nan Kominote a

Ayisyen nan Nouyòk ap fe fas depluzanplu ak dezenfòmasyon sou tout kalite bagay soti nan imigrasyon pou rive nan krim. Men yon jounal dyaspora ki fyab ap travay pou konbat fake news.

Se depi baz li nan Brooklyn, ke jounal "Haitian Times" ap sible dezenfòmasyon.

Gran tit sa yo fè pati jefò jounal la ki vize enfòme dyaspora a, pou aveti lektè yo sou dezenfòmasyon kap pwopaje sou rezo sosyal tankou WhatsApp.

Jounal la egziste depi 20 an, li etabli nan Nouyòk, e li pibliye atik sou fake news.

Vania Andre se Redaktris an Chèf la.

"Li di gen de le nou we videyo ki viral sou Whatsapp, ak lòt rezo yo ki di Dominikani sible Ayisyen ki pran nesan nan peyi a - lap rale yo soti nan machin yo. Tout imaj sa yo ak videyo pwopaje atrave rezo sosyal yo oubyen WhatsApp san okenn konteks."

Imigrasyon

Vania Andre di pi fò dezenfòmasyon an santre sou politik imigrasyon Etazini, nan moman Ayisyen ap kouri kite Ayiti akoz vyolans ak enstabilite.

"Malerezman sityasyon an deteryore rapidman pandan ane ki pase yo. Donk moun toujou ap chache enfòmasyon sou imigrasyon e vilnerabilite sa a lakoz moun pwofite pou twonpe yo epi pwopaje fake news."

Ekip Andre a konsantre tou sou dosye kriminèl ak konplo ki vize dyaspora Ayisyèn nan nan Nouyòk, Masachusetts ak Florid.

Konplo sa yo konn menm vize "Haitian Times" kote yo pwopaje fake news kòm kwa jounal la ka jwen sponsò pou migran ki vle vinn Ozetazini.

Pataj Rapid Fake News

Akoz pakèt Ayisyen kap sèvi ak WhatsApp, dezenfòmasyon nan dyaspora a kapab pwopaje pi plis dapre yon rapò Sant pou Angajman Medya yo nan Inivèsite Texas Austin.

Tan an ap fè ekip Andre a lagè.

"Nou paka janm reyaji osi rapidman ke dezenfòmasyon an ap pwopaje sou WhatsApp, Twitter ak lòt rezo."

"Haitian Times" travay pou konbat dezenfòmasyon atrave aktivite kiltirèl, legliz, sant kominote epi rasanbleman kote li pale ak moun.

Angajman ak Kominote Ayisyèn nan

Ekip nimerik jounal la suiv sakap pase an liy epi tcheke pou we ki nouvèl moun ap pataje. Apre sa li egzaminen enfòmasyon an.

Cherrell Angervil jere angajman odyans "Haitian Times" la.

"Donk gen anpil bagay. Men nou bay moun fè. Nou pa bay manti, nou pa envante nouvèl. Se konsa nou opere."

Lòt strateji yo anplwaye se kontakte dezyèm jenerasyon Ayisyen Ameriken pou yo ka pale ak fanmi yo sou fake news kap sikile.

Bilten Enfo

Epi yo distribye yon bulten sou imigrasyon ki bay fè sou politik Etazuni.

"Donk bulten an se rezilta tout enterè, dezenfòmasyon ak kestyon moun nan kominote a te genyen sou politik imigrasyon Etazini sitou pwogram pawòl imanitè Biden nan."

Ak tout sa ki an je pou Ayisyen nan yon epòk enstabilite, jounal dyaspora a jwenn prezans li nan kominote a se youn nan meyè fason li ka ede moun jwenn enfòmasyon yo ka fè konfyans.

*Repòtaj Cristina Caicedo Smit, jounalis VOA ki espesyalize nan libète laprès, adaptasyon Sandra Lemaire

XS
SM
MD
LG