Ghana Kale Kore di Sid 3-2 nan Mondyal la
Mohammed Kudus make 2 gol pou Ghana epi ede seleksyon nasyonal peyi li evite eliminasyon nan Mondyal Foutbòl Qatar la. Ghana ranpòte la viktwa sou Kore di Sid nan match Gwoup H yo a 3-2. Cho Geu-sung make tou le 2 gòl Kore di Sid yo nan yon espas 3 minit konsa nan dezyem mitan an.

1
Gadyen Ghana a, Lawrence Ati-Zigi (mitan) anpeche balon an antre nan file a pandan match Gwoup H seleksyon nasyonal la kont Kore di Sid, 28 Nov. 2022.

2
Jwe seleksyon Nasyonal Ghana yo selebre viktwa 3-2 yo ranpote sou Kore di Sid nan Gwoup H la nan Mondyal Foutbol Qatar la, 28 Nov. 2022.

3
Jwe Sid Koreyen Cho Gue-sung (anwo) make premye gol ekip li pandan Mondyal Foutbol Qatar la nan match Gwoup H yo kont Ghana, 28 Nov. 2022.

4
Match Gwoup H Ghana kont Kore di Sid nan Mondyal Foutbol Qatar la, 28 Nov. 2022.