Accessibility links

Breaking News

Ayiti: Yon Dokiman 585 Paj Revele Kominikasyon Telefonik ant Prezime Chèf Gang Arnel ak Kèk Otorite


Senatè Jean Renèl Senatus ki tap pale ak laprès nan Sena sou dokiman ki montre Senatè Garcia Delva ta konn pale nan telefòn ak prezime chèf gang Arnel Joseph nan Potoprens, Ayiti ,23 avril 2019. (Foto: Matiado Vilme / VOA Creole)
Senatè Jean Renèl Senatus ki tap pale ak laprès nan Sena sou dokiman ki montre Senatè Garcia Delva ta konn pale nan telefòn ak prezime chèf gang Arnel Joseph nan Potoprens, Ayiti ,23 avril 2019. (Foto: Matiado Vilme / VOA Creole)

Komisyon jistis ak sekirite piblik Sena ayisyen an ap pare pou remèt lajistis yon dokiman 585 paj ki revele apèl telefonik ant yon prezime chèf gang ak plizyè otorite leta e prive.

Prezidan komisyon jistis ak sekirite piblik Sena ayisyen an, senatè Jean Renel Senatus akonpaye ak kèk nan kòlèg senatè li nan komisyon an: Jean Mary Junior Salomon, Ronald Larèche ak Youri Latortue prezante nan sware madi 30 avril 2019 la, yon dokiman 585 paj ki relve apèl telefonik ant prezime chèf gang Anèl Joseph ak kèk otorite ak moun tou nan sosyete sivil la.

Senatè Senatus revele 2 nouvo non nan dokiman sa a, ki se : Ansyen premye minis Jean Henry Céant ak polisye Vladimir Jean Louis. Senatè Senatus fè konnen li pral remèt asanble senatè yo dosye a pou yo kapab voye bay lajistis ayisyèn.

Pati konsène yo, dapre senatè Senatus rekonèt yo te gen konvèsasyon telefonik ak Arnel Joseph e yo prè pou kolabore ak lajistis. Premye non komisyon jistis Sena te revele nan laprès se senatè Garcia Delva, ki li menm tou avwe li konn pale nan telefòn ak prezime bandi a rejte tout sispisyon ki ta vle fè kwè li kon ankouraje prezime bandi Arnel fè move zak.

XS
SM
MD
LG