Accessibility links

Breaking News

Premye Minis Jean Henry Ceant Lanse 2zyèm Faz pwogram Asesisman ki pral Anplwaye 50 mil Travayè toupatou an Ayiti


Premue minis Ayisyen Jean Henry Ceant nan mikwo Jacquelin Belizaire!!.
Premue minis Ayisyen Jean Henry Ceant nan mikwo Jacquelin Belizaire!!.

HAITI ENVIRONMENT
Gouvènman ayisyen an lanse 2èm faz pwojè pwòpte vil Pòtoprens. Chèf gouvènman an Jean Henry Ceant di objektif pwogram nan se kreye travay pandan y ap kenbe katye yo pwòp. Korespondan nou Orpha Dessourcesi Potoprens.di nou premye minis Jean Henry Ceant akeyi anviwon 4 mil 900 patisipan nan premye lansman pwogram asenisman kapital la ki te dire 15 jou.

Mesye Ceant. ki konsidere premye lansman pwogram netwayaj kapital la kòm yon gwo siksè, pwofite pou l lanse 2zyèn faz demach asenisman an nan tout peyi, e li presize fwa sa a, se 50 mil travayè ki pral jwen djòb pandan sezon nwèl. Pou sak konsène premye gwiup anviwon 4 mil 900 ayisyen ki te premye antre nan premye lansman pwogram asenisman kapital la, yap resevwa chèk pou travay yo te founi an nan dat 10 desanm 2018.

XS
SM
MD
LG