Accessibility links

Breaking News

Avyon Militè Etazini ak Kanada Livre Ekipman pou Polis Nasyonal Ayiti Samdi


Yon polisye Ayisyen nan ayewopo Potoprens la nan moman avyon Aviyasyon Etazini ak Kanada rive pou livre asistans pou Polis Nasyonal Ayiti. (Foto: @USEmbassyHaiti Twitter)
Yon polisye Ayisyen nan ayewopo Potoprens la nan moman avyon Aviyasyon Etazini ak Kanada rive pou livre asistans pou Polis Nasyonal Ayiti. (Foto: @USEmbassyHaiti Twitter)

Gouvènman Etazini ak Kanada voye avyon militè yo an Ayiti Samdi 15 Oktòb pou pote ekipman sekirite, ansanm ak machin blende bay Ayiti. Se gouvènman Ayisyen an ki achte ekipman sa a nan men yo, dapre yon deklarasyon konjwen ke Anbasad Etazini nan Pòtoprens pibliye sou kont Twitter li.

Nòt de près la di ekipman sa a, ki al jwen Direktè Jeneral Polis Nasyonal Ayiti, fè pati yon operasyon konjwen ki te gen patisipasyon Aviyasyon Etazini ak Aviyasyon Wayal Kanadyen an.

Dapre deklarasyon an, ekipman an vize ede PNH konbat aktè kriminèl kap komèt zak vyolans epi bloke livrezon asistans imanitè esansyèl". Asistans sa a vin pi ijan kounyea ke kolera reparèt an Ayiti.

"Etazini ak Kanada kontinye pran angajman pou apiye travay PNH la pou pwoteje epi sèvi pèp Ayisyen an. An kowòdonasyon ak patnè entènasyonal yo, gouvènman nou yo ap travay ak patnè Ayisyen nou yo pou ranfòse kapasite Ayiti genyen pou fòme nouvo polisye epi amelyore operasyon lapolis."

2 peyi yo di yo rekonèt enpòtans tèt ansanm nan travay kap fèt pou sekirize Ayiti.

XS
SM
MD
LG