Accessibility links

Breaking News

Ansyen Fondatè yon Orfelina an Ayiti ap Fè Fas ak Akizasyon Federal Abi Seksyèl Minè


Foto Achiv: Michael Geilenfeld rive nan tribinal vil Portland, eta Maine, 9 Jiye, 2015.
Foto Achiv: Michael Geilenfeld rive nan tribinal vil Portland, eta Maine, 9 Jiye, 2015.

Lajistis Federal Ozetazini deklare fondatè yon orfelina an Ayiti ap fè fas ak akizasyon kriminèl Ozetazuni kòm kwa li te vwayaje nan peyi d Ayiti pou l abize minè seksyèlman.

Michael Geilenfeld te asiyen yon militan nan eta Maine apre li te akize misye dèske li te abize tigason an Ayiti.

Geilenfeld te deklare akizasyon an se "mansonj degoutan" anvan anketè depatman Sekirite Nayonal ak FBI yo te remèt rapò ki rekomande pou lajistis enkilpe misye nan Miami.

Avoka li derefize fè okenn komantè Madi.

Geilenfeld, ki gen 71 zan, jwenn arestasyon li nan eta Colorado. Li ta sipoze konparèt devan yon tribinal nan vil Denver, eta Colorado Jedi semèn sa a anvan yo mete l nan avyon pou al Miami, kote pwosè li va dewoule.

XS
SM
MD
LG