“Mwen sezi wè jan vyolans gang yo ap vale teren epi detwi lavi Ayisyen nan Pòtoprens” dekalre Antonio Guterres nan rapò a.
Selon rapò a, zak asasinay oubyen omisid yo ogmante de 119.3% pandan ane 2023 a, ki anregistre 4789 viktim. Sa vle di sou chak 100 mil abitan, gen plis pase 40 ladan yo gang touye !
Anplis de sa, anpil nan viktim yo se fanm ak tifi. 48 tifi tonbe anba men bandi an Ayiti selon nazyon Zini ki li anregistre zak asasinay ki fèt sou 475 fanm pandan ane 2023. Yon sitiyasyon grav ki enkyete Antonio Guterres
“Zak asasinay, volans seksyèl ak kidnapping sitou sou fanm ak tifi, kontinye ogmante nan enpinite total” deplore chef Nazyon Zini an, ki di l sezi tou wè jan gang yo ap pran ekspansyon nan peyi a
Apre kapital la, chef Nazyon Zini an siyale plizyè dappiyanp ki fèt sou popilasyon nan depatman atibonit lan.
Selon Antonio Guterres, gang yo mete barikad arebò wout yo epi yo kache dèyè yo. Answit lè yon machin ap pase yo tire sou li, epi kidnape sivivan yo. Guterres fè konnen “Pandan atak sa yo, asayan yo souvan vyole medam yo gwo lajounen”.
Selon rapò a, gang yo itilize kidnapping (2490 ka pandan ane 2023) ak vyol seksyèl pou konsolide dominasyon yo sou popilasyon an.
Nan sitiyasyon envivav sa, anpil sitwayen oblije kouri kite lakay yo, sa ki plonje peyi a nan yon kriz alimantè san parèy
Plis pase 4.35 milyon ayisyen ap viv nan ensekrite alimantè, sa ki reprezante 40% popilasyon peyi a. Anplis de sa, anpil timoun ap mal manje epi tonbe nan malnitrisyon. Malnitrisyon kay timoun ogmante de 30% an 2023
« Li difisil pou ta egzajere gravite sitiyasyon an Ayiti a kounye a », dekalre chef Nazyon Zini an ki pwofite mande ak tout sektè pou ini yo pou yo ka jwenn yon solisyon dirab e enklisif pou peyi a.