Nan yon seremoni ki dewoule nan La Mezon Blanch yè Madi-a, Prezidan Barack Obama siyen yon plan kap pote gwo refòm nan sistèm swen-sante-a nan peyi-a, pou fè l tounen yon lwa aplikab sou tout tèritwa ameriken-an, aprè chanm depute-a te apouve l dimanch pase-a.
"Nou fin fè travay-la….. Jounen jodiya, aprè preske yon syèk nou pase ap eseye ; jounen jodiya, aprè preske yon lane deba ; jounen joidya, aprè nou fin konte tout vwa-yo, refòm nan sistèm asursans pou swen-sante-a tounen yonlwa Ozetazuni d'Amerik," prezidan Obama deklare.
Nan seremoni sa-a – kote tout patisipan-yo pat kache jwa-lakontantman yo te genyen nan kè-yo -- prezidan Obama rekonèt e li avèti ke lwa sa-a pral pote gwo chanjman, chanjman fondamantal, nan politik nasyonal Lèzetazuni.
"Sa'n sòt fè la-a --osito ke'm fin siyen lwa sa-a-- se grave nou grave noir-sur blan prensip fondamantal ki di, tout moun ta dwe genyen yon sekurite de baz, pou sak konsène dwa yon moun genyen pu resevwa swen-sante," misye Obama deklare.
Se yon ti majorite tou mens ki te pèmèt lejislasyon sou refòm nan sistèm swen-sante-a Ozetazuni, pase nan Chanm dè Reprezantan-an Dimanch 21 Mas pase-a. Tout depute republiken-yo te vote kont li.
Pandan 12 mwa ki pase-yo, prezidan Obama te fè plizyè douzèn vwayaj atravè peyi-a pou'l te ankouraje pèp-la ak manm kongrè-a pou yo apiye plan refòm sa-a.