Plan refòm administrasyon Obama-a genyen pou system swen-sante-a, rive pase nan chanm bass Kongrè Ameriken-an aprè plus pase yon lane deba pafwa difisil ki dewoule nan 2 chanm-yo. Dimanch swa, Chanm dè Reprezantan-an vote lejislasyon ki nesesè-a, menmsi se sèlman vwa demokrat-yo ki pèmèt prezidan Barack Obama ranpòte viktwa sa-a.
Menmsi se yon viktwa ak yon majorite tou kout, se yon viktwa kanmèm. E prezidan Obama pa pèdu tan pou'l di apresyasyon'n pou evennman istorik sa-a, pandan li raple lut ki debouche sou pasaj lejislasyon ki pral pèmèt dè milyon Ameriken ki pat genyen asurans santé, genyen asurans kounyela-a, se pat yon batay fasil.
“Nou te repouse enfluyans mal-plase gwoup kap defann enterè patikulye-yo," Prezidan Obama deklare. "Nou pat bay legen lè moun pat fè n konfyans, oubyen yo te sinik, oubyen yo te kite lapèrèz anvayi yo. Olye de sa, nou pwouve yo ke nou toujou reprezante yon pèp ki kapab reyalize gwo eksplwa."
Prezidan Obama te mize tout prezidans-li-a sou vòt ki dewoule yè Dimanch-la nan Chanm Bas-la. Prezidan Lachanm-nan, Nancy Pelosi, te genyen pou'l fè yon dènye entèvansyon pou'l te atire atansyon depute ki tap ezite yo, sou enpòtans lejislasyon-an pou pwogram ekonomik prezidan Obama pou Lèzetazuni.
"Pi bon aksyon nou ka poze nan non fanmi Amerikèn-yo, pou'n ede yo kore budjè-yo e pou'n kore budjè nasyonal-la, se pou'n vote pou'n apwouve plan refòm nan sistèm swen sante-a," Madan Pelosi deklare.
Republiken-yo te prezante yon fwon uni nan opozision-yo kont plan refòm sa-a paske, daprè yo, li pral ogmante dèt nasyonal-la e lap remèt kontwòl sistèm swen-sante-a nan men gouvènman-an. Nan moman deba-yo ta pral pran fen pou depute-yo vote sou lejislasyon-an, lidè minorite-a, John Boehner, te lanse yon avètisman.
"Nou pa rive koute pèp Ameriken-an; e nou pa rive non plis fè pase nan dokuman sa-a volonte sitwayen ke nou reprezante nan kongrè-a," misye deklare.
Vòt ki dewoule yè Dimanch-la nan chanm bass kongrè Ameriken-an, se yon vot istorik -- men se poko fen istwa-a sa paske Sena-a genyen pou'l apwouve yon seri de chanjman ki déjà pase nan Chanm Dè Reprezantan-an. senatè-yo genyen pou vote sou amandman sa-yo semèn sa-a menm.