Lokalite tankou Bouchèt, Sen Gera, Mòn Mari, Sen Lwi te anba atak gwoup nèg ak zam yo ki, selon enfòmasyon nou, ta met dife nan plizyè kay nan moman atak sila a.
Selon yon abitan, yon sitwayen ki ta tonbe anba bal bandi yo, ki pote ale tou plizyè moto yo jwenn sou wout yo.
Yon atak terib ki fòse plizyè abitan nan Kafou Fèy ak zòn ki toupre yo, mare pakèt yo epi kite zòn yo.
N ap fè sonje, gwoup nèg ak zam yo te lanse plizyè atak sou katye Kafou fèy ak zòn ki anviwonnen l yo pandan mwa fevriye pase a.
Selon dènye bilan Òganizasyon Entènasyonal pou Migrasyon (OIM), atak gang yo sou plizyè katye nan zòn metwoplolitèn nan (14 fevriye - 5 mas 2025) fòse plis pase 42 mil moun kouri kite kay yo.