Accessibility links

 
Repibliken yo ap Pouse pou Pi Devan ak yon Pwojè Bidjè Gouvènmantal
Breaking News

Repibliken yo ap Pouse pou Pi Devan ak yon Pwojè Bidjè Gouvènmantal


Prezidan Chanm Depite a Mike Johnson (Repibliken Lwizyann) pare pou pale ak jounalis yo nan Capitol la, 11 Mas, 2025.
Prezidan Chanm Depite a Mike Johnson (Repibliken Lwizyann) pare pou pale ak jounalis yo nan Capitol la, 11 Mas, 2025.

Prezidan Chanm Depite Etazini an, Mike Johnson deklare palmantè "oblije kenbe gouvènman an operasyonèl" nan moman Repibliken yo ap fè fas ak yon defi kritik pou inite yo.

Yon pwojè lwa depans ki ta evite yon fèmti pasyèl gouvènman federal la, ki ta finanse ajans gouvènman yo jiska mwad Septanm nan ta dwe vote.

Vis Prezidan Etazini JD Vance vizite Capitol la pou ranmase sipò.

Johnson ap pre pwojè lwa a pou yon vòt osito ke jodi Madi a, malgre Demokrat yo pa dakò. Johnson esansyèlman defye yo vote kont pwojè lwa a epi riske fèmti gouvènman an apati Samdi maten si majorite palman an pa apwouve l.

Gen kèk Demokrat nan Sena a k ap tann vot nan Lachanm nan anvan yo di kisa yo vle fè.

Prezidan Donald Trump di Repibliken yo fòk yo "rete inifye."

XS
SM
MD
LG