Otorite vil Santa Fe nan eta Nouvo Meksik revele ke aktè Gene Hackman mouri ak maladi kè epi yon ka sevè maladi Alzheimers yon semèn apre madanm ni te mouri ak hantavirus lakay yo.
Doktè ki fè konsta a, Heather Jarrell di tou le 2 mouri ak koz natirèl.
Otorite yo te ekate posibilite pou je delwayal te jwe yon wòl nan lanmò yo.
Yo te dekouvri kadav yo 26 Fevriye.
Tès anpwazonman monoksid de karbòn te negatif.
Lanmò Hackman te gen pou wè ak maladi kè li te genyen epi Alzheimers te kontribye ak sa.
Otorite yo lye lanmò madanm ni, Betsy Arakawa ak sendrom pilmonè hantavirus la.
Se yon maladi ki ra men li ka fatal ke moun trape atravè dechè rat ak sourit ki enfekte avè l.