Pwokirè eta Nouyok ak Rhode Island apiye desizyon yon jij federal pran pou pwolonje mezi ki entèdi administrasyon Trump la bloke don ak prè ki vo plizyè trilyon dola.
Jij la Jedi akode demann pou yon enjonksyon preliminè nan apepre 2 douzèn eta Demokrat.
Mwa pase a, Lamezonblanch te di lap sispann pwovizwaman finansman federal la pou asire peman yo ann ako ak lod Prezidan Donald Trump pase pou entèdi pwogram divèsite.
Pwokirè Nouyok la, Demokrat Letitia James deklare konjelasyon finansman an ilegal.
Jij la di branch egzekitif la ap eseye mete tèt li pi wo pase Kongrè a.
Avoka gouvènman yo plenyen pou di tribinal la pa gen otorite konstitisyonèl nesesè pou bloke yon poz nan finansman ke administrasyon Repibliken an pran.