Vatikan an fè konnen Pap Franswa toujou nan kondisyon stab e li pat bezwen yon aparèy pou ba li oksijèn pou respire pi byen.
Se yon siy ki montre fonksyon respiratwa li amelyore nan moman souvren pontif la kontinye ap reprann ni de doub nemoni ak yon kriz respiratwa.
Pap la, ki gen 88 an te kontinye resevwa anpil oksijèn siplemantè Dimanch. Vandredi li te gen yon kriz touse ki te lakoz doktè yo te krenn li pat gen yon nouvo enfeksyon.
Yon lot fwa anko, doktè yo di pwognostik li toujou siveye, kivledi li poko finn elimine danje ki egziste pou eta sante li.
Franswa te resevwa vizit nimewo 2 ak 3 Vatikan yo Dimanch. Li te asiste lamès tou, repoze, epi lapriyè dapre bilten nouvèl Vatikan an pibliye Dimanch swa (lè lokal).