Accessibility links

 
Pap la Toujou Entène Lopital ak yon Enfeksyon nan Poumon
Breaking News

Pap la Toujou Entène Lopital ak yon Enfeksyon nan Poumon


Papa Francisco durante audiência geral no Vaticano, 12 Fevereiro 2025
Papa Francisco durante audiência geral no Vaticano, 12 Fevereiro 2025

WÒM (AP) — Vatikan fè konnen Pap Franswa ap repoze apre li pase yon nwit trankil.

Lendi 24 fevriye a fè 10 jou depi Souvren Pontif la entène lopital pou yon enfeksyon konplèks nan poumon ki lakòz premye siy kòmkwa ren li pa travay byen.

Deklarasyon ki soti nan Vatikan an pa presize si Franswa, ki gen 88 an, te reveye. "Nwit la te pase byen, Pap la te dòmi epi li ap repoze," dapre deklarasyon an.

Dimanch swa, doktè yo te rapòte ke tès san yo te montre premye siy ensifizans renal, men yo te kenbe l sou kontwòl.

Yo di Pap la te rete nan yon eta kritik, men li pa t fè lòt kriz respiratwa depi samdi.

XS
SM
MD
LG