Accessibility links

 
Depatman Jistis Etazini di li Revoke Anplwaye ki te Enplike nan Pouswit kont Prezidan an
Breaking News

Depatman Jistis Etazini di li Revoke Anplwaye ki te Enplike nan Pouswit kont Prezidan an


Justice Department Immigration
Justice Department Immigration

WASHINGTON (AP) — Depatman Jistis Etazini fè konnen li revoke plis pase yon dizèn anplwaye ki te travay nan ankèt kriminèl kont Prezidan Donald Trump.

Aksyon toudenkou sa a, ki vize pwofesyonèl veteran ki te travay nan ekip anketè espesyal Jack Smith, se dènye siy boulvèsman kap fèt nan Depatman Jistis la.

Sa reflete detèminasyon administrasyon an pou li wete nan gouvènman an tout moun li konsidere kòm moun ki pa lwayal anvè prezidan an.

Desizyon sa,a ki vin apre deplasman plizyè gwo fonksyonè ki fè karyè nan plizyè divizyon, rive malgre tradisyon kote pwokirè baz yo konn toujou rete nan pozisyon yo menm lè pouvwa a chanje men.

Epi yo pa konn sanksyone yo poutèt enplikasyon yo nan ankèt sansib.

XS
SM
MD
LG