An total, "1.534 prizonye sove nan prizon" gwo sekirite sa a ki sitiye apeprè 15 kilomèt nan soti kapital la, selon sa Bernardino Rafael, chèf polis nasyonal la te konfime pandan yon konferans pou laprès.
Pami prizonye ki sove yo, 33 te mouri ak 15 lòt te blese pandan afwontman ki te fèt avèk ajan prizon yo, li te presize.
Rechèch yo ki te fèt, avèk sipò lame, te pèmèt yo arete anviwon 150 moun nan sa ki te sove yo.
Pami prizonye ki sove yo, gen yon trantèn prizonye ki gen lyen ak gwoup ame djiyadis ki ap simen laterè depi 7 lane nan pwovens Cabo Delgado nan nò peyi a.
"Nou vreman preyokipe pa sitiyasyon sa a," se sa chèf polis la te di.
Malgre kèk iregilarite ki te soulve pa anpil obsèvatè pandan eleksyon 9 oktòb la, Konsèy Konstitisyonèl la te konfime lendi kandida Frelimo a, pati ki nan pouvwa depi endepandans an 1975, genyen eleksyon prezidansyèl la avèk 65,17% nan vòt yo.
Opozisyon an, ki gen lidè tankou Venancio Mondlane, yon ansyen komantatè televizyon ki nan mawon aletranje, ap mande "jistis elektoral", li mande manifestasyon pou denonse eleksyon sa a kòm yon "vòl".
Plizyè moun nan 33 milyon abitan peyi sa a, ki pale pòtigè an Afrik, t ap tann eleksyon sa yo pou te ka gen yon chanjman nan Frelimo, men dire mouvman pwotestasyon an siprann anpil obsèvatè, nan yon peyi ki toujou ap trennen pwa gè sivil la (1975-1992).