Accessibility links

Breaking News

Yon Nouvo Rapò Medikal Endike Vedet One Direction Liam Payne te Pran Kokayin Anvan Lanmò li


Fanatik ansyen chante premye vwa One Direction Liam Payne rasanble devan Obelisk la nan Buenos Aires Ajantin pou rann omaj ak vedet la apre lanmo li nan yon otel, 17 Oktob, 2024.
Fanatik ansyen chante premye vwa One Direction Liam Payne rasanble devan Obelisk la nan Buenos Aires Ajantin pou rann omaj ak vedet la apre lanmo li nan yon otel, 17 Oktob, 2024.

Rapò preliminè toksikoloji yo fè sou chantè premye vwa gwoup One Direction nan, Liam Payne montre misye te pran kokayinn anvan li te mouri, dapre sa yon responsab Ajanten di. Nap raple misye mouri apre li sot tonbe depi balkon chanm otèl li nan 3èm etaj la nan vil Buenos Aires semèn pase a.

Rezilta final egzamen toksikoloji yo pap piblik pazavan plizyè semèn. Sepandan rapò preliminè sou vedèt popilè a ke yo remèt bay pwokirè lokal yo Lendi sigjere misye te pran kokayin.

Rapò a vin piblik gras ak yon responsab Ajanten ki pale sou kondisyon pou yo pasite non li paske li pat gen otorizasyon pale ak laprès.

XS
SM
MD
LG