Accessibility links

Breaking News

Liam Payne, Chantè Gwoup One Direction Mouri Sibit nan Ajantin


Foto Achiv: Liam Payne, manm gwoup One Direction pefome nan San Diego, Kalifoni, 9 Jiye, 2015.
Foto Achiv: Liam Payne, manm gwoup One Direction pefome nan San Diego, Kalifoni, 9 Jiye, 2015.

Ansyen chantè gwoup One Direction, Liam Payne, mouri apre li sot tonbe sou balkon chanm otèl li nan Buenos Aires, Ajantin Mèkredi. Se sa otorite lokal yo di laprès Ajantin.

Payne te gen 31 an e chanm li te sitye sou 3èm etaj otèl la.

Lapolis Buenos Aires pibliye yon deklarasyon ki di Payne sot tonbe depi twazyèm etaj la sa ki lakoz "blese trè grav".

Sekouris yo konfime li mouri sou chan an.

Pot pawol Ministè Sekirite minisipalite Buenos Aires di Associated Press ke lapolis t al nan otèl la apre yon moun te fè yon apèl ijan pa rapo ak sa yo dekri tankou yon "nèg agresiv" epi di Payne te "voye ko l atè depi balkon chanm otèl li a.

Otorite yo ap mennen ankèt sou sikonstans lanmo li e yo poko bay yon koz ofisyèl sou lanmo misye.

XS
SM
MD
LG