Accessibility links

Breaking News

Lidè BRICS yo Rasanble nan La Risi pou yon Rankont o Somè


Prezidan Ris Vladimir Putin (a dwat) ak Prezidan Lachin Xi Jinping bay lanmen pandan rankont yo sou kote rankont o some BRICS la nan Kazan, La Risi, 22 Oktob, 2024.
Prezidan Ris Vladimir Putin (a dwat) ak Prezidan Lachin Xi Jinping bay lanmen pandan rankont yo sou kote rankont o some BRICS la nan Kazan, La Risi, 22 Oktob, 2024.

Prezidan Lachin, Xi Jinping, Lide peyi End Narendra Modi ak lot lidè global yo rive nan vil Ris ki rele Kazan pou yon rankont o some blok BRICS la ki rasanble ekonomi an vwa devlopman yo.

Kremlen an espere fè rankont la tounen yon espas kote yo defye enfliyans l Oksidan nan zafè global yo.

Pou Prezidan Ris la, Vladimir Putin, rankont 3 jou a ofri tou yon fason pou montre echèk jefo Etazini dirije pou izole La Risi akoz lagè Ikrèn nan.

Yon konseye Kremlen an di somè a se "pi gwo evenman politik etranje yo janm oganize" nan La Risi e ke plis pase 36 peyi ap patisipe.

Plis pase 20 nan peyi sa yo gen chèf deta yo prezan.

XS
SM
MD
LG