Accessibility links

Breaking News

Somè BRICS nan Larisi: Lula Anile Vwayaj li pou Rezon Medikal


Independence Day parade in Brasilia
Independence Day parade in Brasilia

Prezidan brezilyen an, Luiz Inácio Lula da Silva, dimanch anile vwayaj li pou Larisi pou somè BRICS la.

LULA pral patisipe nan somè a sou videyo, daprè sa laprezidans brezilyen an te anonse, yo fè konnen gen yon anpechman akoz yon aksidan li te fè lakay li ki fè l paka vwayaje nan avyon.

Larisi ap akeyi soti 22 pou rive 24 oktòb, yon ventèn chèf leta nan Kazan, sou Volga a, pou yon somè diplomatik ki te orijinalman asosye Brezil, Larisi, End, Lachin ak Afrik di Sid, e ki genyen kat lòt peyi (Etyopi, Iran, Ejip ak Emira Arab Ini) ki vin ajoute ane sa a.

Prezidan Larisi a, Vladimir Poutine, vle montre ak somè sa a echèk politik izolasyon ak sanksyon oksidantal yo pran kòm repons ak envazyon Ikrèn nan.

"Sou konsèy medikal, (Lula) pap ale nan somè BRICS la nan Kazan, akòz yon anpechman tanporè ki fè l paka pran avyon sou long distans," laprezidans brezilyen an te presize nan yon kominikasyon, san bay detay sou sa ki pase chèf leta a.

Sepandan, li ap patisipe nan diskisyon yo sou videyo e li kenbe ajanda travay li pou semenn nan nan Brazília nan palè prezidansyèl Planalto, yo te ajoute.

Lula, 78 lane, te rantre samdi a nan lopital siwo-libanè ki nan Brazília "apre yon aksidan lakay li kote l te blese dèyè tèt," selon lopital la. Doktè yo te fè konnen li te tonbe nan twalèt la, li te frape dèyè tèt li, e yo te koud li.

Li te dwe pran avyon pou Larisi dimanch a 5:00 pm. Somè a te okazyon pou li te rankontre ak M. Poutine pou yon twazyèm fwa depi li te kòmanse twazyèm manda li. Nan mwa septanm, de lidè yo te pale nan telefòn sou yon pwopozisyon pou Brezil ansanm ak Lachin eseye mete fen nan lagè Ikrèn nan.

Prezidan Poutine, ki anba yon manda arestasyon tribinal penal entènasyonal te mete kont li nan mwa mas 2023 pou depòtasyon timoun ikrenyen yo, te renonse patisipe nan somè BRICS anvan an ki te fèt nan Afrik di Sid. Vandredi, li te anonse li pap ale Rio de Janeiro, Brezil nan 18 ak 19 novanm pou somè G20 la.

XS
SM
MD
LG