Accessibility links

Breaking News

Sondaj: Ekonomi a se Kestyon pi Enpòtan pou Pi Fò Elektè Ameriken yo


Foto Konbinezon: Donald Trump (a goch) epi Kamala Harris (a dwat).
Foto Konbinezon: Donald Trump (a goch) epi Kamala Harris (a dwat).

Yon nouvo sondaj jwen ke elekte Ameriken yo divize sou si yo prefere Repibliken Donald Trump oubyen Demokrat Kamala Harris pou jere kestyon ekonomik. Sepandan Harris gen pi bon dosye sou eleman tankou enpo pou klas mwayen nan.

Majorite elekte ki patisipe nan sondaj Associated Press ak Sant NORC pou Rechech sou Zafe Piblik dekri ekonomi a kom feb.

Gen 7 sou 10 elekte ki di peyi a pran move direksyon an. Sepandan rezilta yo reafime ke Trump pedi sak te yon avantaj sou ekonomi a ke anpil elekte di se kestyon pi enpotan eleksyon an.

Elekte yo di ekonomi a pi enpotan pou yo pase avotman, imigrasyon krim ak politik etranje.

XS
SM
MD
LG