Accessibility links

Breaking News

Donald Trump Refize Definitivman yon Dezyèm Deba Prezidansyèl ak Kamala Harris

(FILES) (COMBO) This combination of pictures created on September 10, 2024 shows former US President and Republican presidential candidate Donald Trump (L) and US Vice President and Democratic presidential candidate Kamala Harris participating in a presid

Donald Trump voye jete byen lwen, Mèkredi 9 oktòb la lide pou l ta patisipe nan yon dezyèm deba prezidansyèl kont Kamala Harris, ki se kandida pou pati Demokrat li a nan kous pou Mezon Blanch lan.

Bilyonè Repibliken an te ekri sou rezo li a Truth Social "P ap gen okenn match retou!", malgre CNN ak Fox News pwopozisyon. pou yo difize yon fas a fas ant de kandida yo.

"Kamala te deklare klèman yè, li pap fè anyen ki diferan Joe Biden, kidonk pa gen nesesite pou fè yon deba."

4 semenn anvan eleksyon ki pi flou peyi a janm konnen, popilasyon ameriken an pap gen chans wè pou yo wè kandida yo ki ap afwonte youn lòt yon dezyèm fwa, jan tradisyon yo konn abitye ye.

Mesye Trump te site lòt rezon pou eksplike rezon ki fè li refize debat Kamala yon dezyèm fwa.

Oratè a te di an patikilye "pwosesis la déjà trè lwen, pèp ameriken an deja1 deja kòmanse vote".

Li kwè tou li pa oblije fè deba ankò, paske daprè li menm li te domine Madam Harris 10 septanm nan.

XS
SM
MD
LG