Accessibility links

Breaking News

Foutbòl: Nérilia Mondésir Fè Premye Gòl li nan NWSL


SOCCER-NWSL-SEA-HOU/
SOCCER-NWSL-SEA-HOU/

Atakan feminen ayisyen Nérilia Mondésir, fè premye gòl li ak mayo ekip Seattle la, weekend ki sot pase la, kont ekip Houston nan pou ede Reign yo bat (2-1) Houston.

Bitè feminen ayisyen an ki t ap jwe premye match li kòm titilè depi lè l siyen ak Seattle, pa rate okazyon pou l make evenman sa ak yon gòl, li tap tann lontan.

Apre 8 match kote li pat ka jwenn wout kan an, Nérilia Mondésir, grasa bon plasman l e konbativite l, jwenn resèt la kont ekip Houston nan.

Grenadyè a, trè entèlijan, antisipe aksyon yon defansèz Houston pou l pran boul la, kore yon lòt defansèz, epi glise boul la nan fant janm gadyèn ekip Houston nan.

Yon gòl ki rekonpanse talan ak pèseverans, Nèrilia Mondésir ki montre poukisa yo ba l ti non jwèt "Nerigòl".

Nerigòl enskri non l nan paj listwa lig foutbòl amerikèn nan (NWSL), kòm premye jwez ayisyèn natifnatal ki fè gòl nan chanpyona Etazini an.

Se Grenadyè a yo bay twofe pi bon jwez match la.

Kapitèn seleksyon nasyonal Ayiti di li kontan pou premye gòl li ak mayo Seattle la.

Gras a ak viktwa sa, Ekip Seattle mete fen ak yon seri 5 defèt youn kole ak lòt. Dènye fwa Reign yo te fè yon viktwa se te 6 septanm kont ekip Angel City a yo te bat (3-2).

XS
SM
MD
LG