Accessibility links

Breaking News

Yon Militan Dominiken Denonse Depòtasyon Migran Ayisyen yo


Migran Ayisyen yo desann kamyon kontwol migrasyon an apre yo rive sou fwontye Repiblik Dominiken ak Ayiti, 14 Oktob, 2024.
Migran Ayisyen yo desann kamyon kontwol migrasyon an apre yo rive sou fwontye Repiblik Dominiken ak Ayiti, 14 Oktob, 2024.

Yon militan kap defann dwa Afwodesandan yo deklare mezi Repiblik Dominikèn anonse nan komansman mwad Oktob la pou depote jiska 10,000 migran pa semèn se yon "koukouwouj kont moun nwa".

Luis Abinader, Prezidan Repiblik Dominiken deklare: " Priyorite a se sekirite Repiblik Dominikèn, apre sa nap esplike - si nou oblije bay esplikasyon - poukisa nap fè l men nou pa oblije esplike lwa imigrasyon ki fè pati fondamantal tout peyi."

Maribel Nunez kritike tretman migran Ayisyen yo ap resevwa nan sant detansyon Haina a nan Santo Domingo. Dapre limenm, yap depote minè poukont yo san moun ki responsab pou yo e ke menm Dominiken nwa jwenn arestasyon san posibilite pou yo liberasyon.

"Yo di m moun yo voye yon fason enjis nan sant Vakasyon Haina a sakap dewoule andedan an orib: yo depote tifi san fanmi yo, timoun, Dominiken nwa di yo mete fanmi yo nan prizon yo pase plizyè jou la malgre yo gen dokiman ki mande liberasyon yo e yo pa lage yo. Se sa mouvman Afwo sosyal la rele yon koukouwouj kont moun nwa."

Gouvènman Dominiken an blame Ayiti pou kawo ak krim epitou ensekirite ki genyen nan Repiblik Dominikèn. Li di li finn pèdi pasyans ak pwogrè lan misyon sekirite entènasyonal ki gen kom bi pou ede Ayiti jere kriz la.

Maribel Nunez: " Sa nou konstate se yon rayisman kap ogmante e ki ka debouche sou trajedi. M vle di leta ke toujou gen tan pou anpeche rayisman sa a pran plis anplè."

Nasyonzuni mande peyi nan rejyon an pou yo sispann depote Ayisyen akoz sityasyon danje ki egziste nan peyi a.

Si Repiblik Dominikèn pouse pou pi devan ak plan li an, kantite moun li depote ane sa a ta ogmante 17 wotè pou rive a plis pase 200,000 Ayisyen ke li depote pa lafos.

Vis Amiral Lee Ballester se Direktè Migrasyon Dominikani.

"Kominote entènasyonal la apiye Ayiti, li voye resous bay Ayiti men fok yo gade Repiblik Dominikèn tou epi ede Repiblik Dominikèn paske pwosesis sa a koute peyi a anpil lajan e malerezman nou pa responsab. Sèl responsabilite nou genyen se ke nou pataje zile a."

Andedan peyi d Ayiti, konfli gang yo lakoz plizyè milye moun mouri epi plis pase 700,000 oblije kouri kite kay yo.

XS
SM
MD
LG