Accessibility links

Breaking News

Zelensky Rankontre ak Lidè Defans Mondyal yo


Ukrainian President Volodymyr Zelensky in Kherson, southern Ukraine, Nov. 14, 2022.
Ukrainian President Volodymyr Zelensky in Kherson, southern Ukraine, Nov. 14, 2022.

Prezidan Vladimir Zelensky te fè lwanj paske Ikrèn reyisi, bati yon "nouvo endistri defans", nan mitan lagè a.

Li te fè konnen depi kòmansman ane a peyi l te deja pwodwi 25 fwa plis atiray minisyon ak bonm pase sa yo te fè an 2022.

Kyèv depann de stòk li ki nan zòn sovyetik la ak livrezon nan men alye oksidantal li yo, ki ba l finansman ak zam depi envazyon Ris la te kòmanse an fevriye 2022.

Men, peyi a tou ranfòse devlopman pwòp endistri l. Yon inisyativ ki enpòtan paske twoup yo te fè fas ak gwo pwoblèm minisyon nan kòmansman ane a, akoz chirepit politik ki te genyen ant Brussels ak Washington.

XS
SM
MD
LG