Accessibility links

Breaking News

Putin: "Loksidan 'Fè Ikrèn Tounen Yon Koloni"


FILE PHOTO: Russia's President Putin chairs meeting on nuclear deterrence
FILE PHOTO: Russia's President Putin chairs meeting on nuclear deterrence

Prezidan Ris la Vladimir Putin sètifye Lendi 30 septanm 2024 la ke " y ap atenn tout objektif yo te fikse" nan Ikrèn, nan okazyon dezyèm anivèsè ratachman 4 rejyon nan Ikrèn ak Larisi, nan moman konfli ame li ap vwazyen li a ap kontinye.

Mesye Putin te di nan yon deklarasyon sou videyo "Verite a se sou bò pa nou li ye. Tout objektif nou fikse yo pral reyalize,” pandan li t ap felisite pèp Ris la nan kad “Jounen reyinifikasyon" ak rejyon ikrenyen nan Luhansk, Donetsk, Zaporizhia ak Kherson, ke Larisi selebere 30 Septanm nan.

Li te selebre "evènman fatidik" li di ki te nesesè pou pwoteje moun ki pale Ris nan rejyon sa yo nan Ikrèn kont yon "diktati Neyonazi" ak "nasyonalis radikal".

"Nou pa t abandone frè ak sè nou yo," li te ensiste, pou l defann, yon lòt fwa ankò "nesesite ak lejitimite operasyon espesyal militè Ris yo" - tèm Larisi te itilize pou l deziyen atak li te lanse kont Ikrèn nan dat 24 fevriye 2022, ofisyèlman an se “ demilitarize" ak "denazifye" vwazen nou an.

Mèt Kremlin an te di "Jodi a, nou tout ap goumen pou pitit ak pitit pitit nou yo gen yon avni rich pi an sekirite".

Vladimir Putin te siyen epi ofisyalize ratachman rejyon Ikrèn Donetsk ak Lugansk ( lès), Zaporizhia ak Kherson (sid ) nan dat 30 septanm 2022.

XS
SM
MD
LG