Accessibility links

Breaking News

Lapolis "Mete Anba Kòd" Louis Hilaire pou Enplikasyon l nan Kidnapping ak Fè Fo Papye


Louis Hilaire
Louis Hilaire

Lapolis Nasyonal Ayiti mete fouke Louis Hilaire pou enplikasyon l nan fè fo papye ak zak kidnapping nan peyi a.

Nan yon nòt otorite yo pibliye, ayè madi a, yo enfòme Louis Hilaire fè pati de yon rezo nan peyi a k ap fè fo fich pou al achte nan magazen pwovizyon alimantè.

Hilaire ki gen 53 lane sou tèt li, jwen arestasyon l apre l te bay yon chofè moto yon fo fich pou al chache yon kagezon machandiz.

Akize a konfese devan mikwo lapolis « Se yon fich yo bay yon zanmi moto pou l al pran diri ak lèt la. Lapolis arete l. Yo mennen vin pran yon ti neve m. Ti neve m nan mennen vin pran m”

Nan moman entèwogatwa li, akize a pa nye zak li yo e menm avwe li konn fè fo fich ak fo lisans.

Anplis de sa, Lapolis enfòme Louis Hilaire gen koeneksyon ak gang k ap opere nan zòn Delmas 30 ak Delmas 6 e li enplike nan divès ka kidnapping nan peyi a. Lapolis deklare yo tap chache l depi yon bon ti bout tan.

XS
SM
MD
LG