Accessibility links

Breaking News

Ikrèn di li "Detwi" yon Depo Zam nan Lwès Larisi


Russia Ukraine War
Russia Ukraine War

Yon atak dronn ikrenyen "detwi nèt" yon depo misil ak boulèt kanno nan rejyon Tver, nan lwès Larisi, se sa yon sous nan sèvis sekirite yo di AFP nan Mèkredi.

Sous sa a di ke pandan lannwit Madi pou louvri Mèkredi, dronn "detwi nèt" depo sa a ki nan Toropets epi ki gen sitou misil balistik ak bonm ayeryen telegide.

Otorite nan rejyon Ris nan Tver te bay lòd evakyasyon akòz yon "dife" ke yon atak dronn te lakoz, san yo pa pale de yon depo zam.

XS
SM
MD
LG