Accessibility links

Breaking News

Meta Entèdi Medya Leta Ris yo Itilize Platfòm li yo


Foto Achiv: Yon neg kanpe devan katye jeneral Meta nan Menlo Park, Kalifoni, 7 Mas, 2023.
Foto Achiv: Yon neg kanpe devan katye jeneral Meta nan Menlo Park, Kalifoni, 7 Mas, 2023.

Meta ki se pwopriyetè Facebook entèdi medya nasyonal Ris yo itilize rezo sosyal li yo. Meta akize Larisi dèske lap sèvi ak taktik pou desevwa moun epi anplifye pwopagann Moskou.

Apa Facebook, Meta se pwopriyetè WhatsApp ak Enstagram tou.

Konpayi Teknoloji a pibliye yon deklarasyon ta Lendi pou di pandan jou kap vini yo li pral deplwaye entèdiksyon an. Meta di li lanse yon nouvo seri jefò pou kontre operasyon enfliyans Ris yo.

Meta ajoute lap etann ranfòsman ki deja an plas kont medya leta Ris yo tankou Rossiya Segodnya, RT ak lot antite ki lye avè yo e ki entèdi sèvi ak app li yo toupatou nan mond lan akoz entèferans etranje.

Anons la soulve gwo kritik bò kote Kremlen an Madi.

XS
SM
MD
LG