Accessibility links

Breaking News

Kosta Rika: Otorite Yo Sezi 1.3 Tòn Kokayin


HONDURAS-CRIME-DRUG TRAFFICKING-SEIZURE-INCINERATE
HONDURAS-CRIME-DRUG TRAFFICKING-SEIZURE-INCINERATE

Ministè Sekirite Piblik Kosta Rika anonse madi 17 Septanm nan ke yo sezi 1.3 tòn kokayin nan yon bato chaje avèk farin manyòk ki te sipoze ale nan Bèljik.

Minis Mario Zamora di ke yo sezi 1,374 pake kokayin ke yo te dekouvri lendi pandan yon rechèch ke otorite yo te fè nan pò Limon nan Karayib la ki nan distans 150 km ak pati lès kapital la San José.

Sa fè katriyèm fwa yo sezi dwòg mwa sa nan tèminal pò sa a, ki se pwen prensipal pwen pou anbake machandiz ki ap soti Kosta Rika pou ale ann Ewòp ak nan Amerik di Nò.

Kosta Rika te vin tounen yon peyi pou ke moun ki gen move lide nan tèt yo pote dwòg soti nan Amerik di Sid pou ale ann Ewòp ak Etazini, ki se prensipal mache pou konsomasyon kokayin nan mond lan.

Ak operasyon sa a, otorite Kosta Riken yo sezi an total plis pase sèt tòn kokayin an 2024.

An 2023, daprè Enstiti Dwòg Costa Rica (ICD). otorite yo te sezi 21.3 tòn dwòg.

XS
SM
MD
LG