Accessibility links

Breaking News

Etazini Eksprime Fristrasyon Li Kont Izrayèl Konsènan Atak Gaza a


United Nations Security Council
United Nations Security Council

NASYON ZINI (AP) — Anbasadè Ameriken an nan Nasyonzini akize militè Izrayelyen an pou atak li fè kont lekòl, travayè imanitè ak sivil nan Gaza.

Se yon siy fristrasyon Etazini genyen kap grandi ak youn nan alye ki pwòch li pandan lagè a ap pwoche nan premye anivèsè li.

Izrayèl toujou di plizyè fwa ke atak li yo vize militan Hamas, ki souvan kache pami sivil yo epi sèvi ak yo kòm boukliye.

Gouvènman Izrayelyen an lanse operasyon sila nan Gaza an revanj ak atak 7 oktòb yo ki te fè nan sid Izrayèl ke gwoup Hamas la te lanse.

Nan yon reyinyon Konsèy Sekirite Nasyonzini an Lendi, Anbasadè Ameriken Linda Thomas-Greenfield te pale byen klè kont fós militè Izrayelyen an.

Li di ke anpil nan dènye atak yo menen ki te blese oswa koze lanmò pèsonèl Nasyonzini ak travayè imanitè yo te kapab evite.

XS
SM
MD
LG