Accessibility links

Breaking News
DEBA Prezidansyèl
DEBA Prezidansyèl

Deba Prezidansyèl Harris-Trump

21:51 10.9.2024
🇺🇸🗳️🗞️Trump Di Migran 'Manje Chat' nan Springfield Ohio
🇺🇸🗳️🗞️Trump Di Migran 'Manje Chat' nan Springfield Ohio

21:58 10.9.2024

Deba Harris-Trump: Trump Andòse Manti sou Migran Ayisyen kap Manje Chat ak Chen Moun

Donald Trump pwomouvwa yon mansonj ke migran Ayisyen nan eta Ohio ap kidnape epi manje chat ak chen moun, yon istwa san fondman. Trump di sa pwouve imigran yo ap komèt krim nan peyi Etazini.

"Yap manje chen yo, moun ki vini yo. Yap manje chat yo" Trump deklare.

Pa gen okenn prev ke bagay konsa ap fèt. Otorite Ohio yo di pa gen okenn prèv kredib ni rapo detaye ki apiye akizasyon Trump la.

22:19 10.9.2024

Deba Harris-Trump: Harris di 'Mwen Apiye Klas Mwayèn nan. Trump Apiye Mesye Rich yo

Harris pale sou jan li grandi nan klas mwayèn nan epi detaye plan li pou kreye "opòtinite ekonomik" pandan li kritike Trump kom moun ki pa o kouran sakap pase nan mond lan.

"Donald Trump pa gen okenn plan pouwou. E lè w gade plan ekonomik li, li chaje ak benefis enpo pou moun ki pi rich yo."

Trump bò kote pa li deklare Harris pa gen anyen pou montre pa rapò ak eknomi a. "Li pa gen yon plan. Li kopye plan Biden nan."

22:23 10.9.2024
🇺🇸🗳️🗞️Trump di Kamala 'Mwen ap pale kounye a'
🇺🇸🗳️🗞️Trump di Kamala 'Mwen ap pale kounye a'

Load more

XS
SM
MD
LG