Accessibility links

Breaking News
DEBA Prezidansyèl
DEBA Prezidansyèl

Deba Prezidansyèl Harris-Trump

23:37 10.9.2024

Taylor Swift Andòse Kamala Harris pou Prezidans Etazini Apre Deba a

Taylor Swift, youn nan pi gwo vedèt nan endistri mizikal la andose Kamala Harris pou prezidans Etazini yon ti tan apre deba a te pran fen Madi swa.

Foto Achiv: Taylor Swift nan stad Wembley la nan kad seri konse Eras Tour li a, 21 Jyen, 2024 nan Lond.
Foto Achiv: Taylor Swift nan stad Wembley la nan kad seri konse Eras Tour li a, 21 Jyen, 2024 nan Lond.

Swift pibliye yon mesaj sou Instagram kote l di: "Mwen kwè li gen yon men fèm e li se yon lidè ki chaje talan e mwen kwè nou ka akonpli yon pakèt bagay nan peyi sa a si yon moun ki kalm ap dirije nou pa yon moun ki kreye dezod."

Li kole sou mesaj la yon foto de limenm kap kenbe yon chat epi li siyen mesaj la "Dam ki Pa Gen Pitit Men ki Gen yon Chat". Fraz sa a fè referans ak komantè kandida vis prezidansyèl JD Vance te fè pou di. Misye se kolistye Trump.

Swift gen yon dig dal fanatik ki se jèn fi, ki se yon demokrafik kle pou eleksyon Novanm nan.

23:20 10.9.2024

Kandida yo Defann Pozisyon yo sou Ekonomi, Avòtman, Migrasyon

Kandida Prezidansyel Repibliken Donald Trump bay lanmen ak Kandida Prezidansyel Demokrat la, Vis Prezidan Kamala Harris pandan deba yo ke ABC News difize depi Filadelfi, 10 Septanm 2024.
Kandida Prezidansyel Repibliken Donald Trump bay lanmen ak Kandida Prezidansyel Demokrat la, Vis Prezidan Kamala Harris pandan deba yo ke ABC News difize depi Filadelfi, 10 Septanm 2024.

Donald Trump ak Kamala Harris te fas-a-fas pou yon deba prezidansyèl pou premye e petèt dènye fwa Madi.

Harris, ki se yon ansyen pwokirè te eseye fè fas ak Trump menm jan yon avoka akizasyon ta fè kote li klere limyè sou feblès li yo ak risk li poze yon fason ke Prezidan Joe Biden patka fè nan deba pa li kont Trump nan mwad Jyen an.

Trump bo kote pa li eseye dekri Harris tankou yon liberal ki pa o kouran de sa senp sitwayen yo panse.

Depi komansman deba a lè yo te bay lanmen, Harris te atake Trump sou tarif, demokrasi, avotman ak migrasyon.

Trump te kalm pou pi fo lè li tap defann tèt li kont chak akizasyon, men li te montre li te enève lè Harris te pale sou pèfomans li nan miting politik li yo.

22:48 10.9.2024

Deba Harris-Trump: Lagè ant Larisi ak Ikrèn

Trump deklare li taka patwone yon antant lapè pou Etazini ant Larisi ak Ikrèn anvan li pran pouvwa a -- men sa ta kreye plizyè pwoblèm. Youn nan pwoblèm sa yo se ke nan listwa peyi Etazini gouvènman an toujou respekte ke gen yon sèl prezidan a la fwa e ke tout desizyon sou politik etranje rezève pou moun ki okipe Mezonblanch la.

Dezyèm pwoblèm nan se ke nempòt ki jefò Trump fè pou negosye yon akò ant Putin ak Zelenskyy ta vyole yon lwa ki date de 19èm syèk la ki rele Akò Logan nan, ki entèdi sitwayen prive jere politik etranje.

22:47 10.9.2024

Deba Harris-Trump: Lagè Izrayèl-Hamas la

Harris deklare Izrayèl "gen dwa defann tèt li" epi ajoute "nou ta fè l" si yo te atake Etazini.

Vis prezidan an di li apiye yon "solisyon 2 eta."

Menm jan li konn fè sa souvan pandan lap mennen kanpay, Trump deklare lagè a patap janm kòmanse si l te prezidan, e li di plizyè fwa ke Harris "rayi Izrayèl."

Harris reponn akizasyon an fo. Li di ke Trump ap eseye "yon lòt fwa ankò, divize epi distrè nou" pou nou pa sonje reyalite a ke Trump "pa korèk anski konsène sekirite nasyonal."

Load more

XS
SM
MD
LG