Accessibility links

Breaking News

Washington anonse li jwenn liberasyon 135 prizonye politik nan Nikaragwa


Nicaragua Prisoners Released
Nicaragua Prisoners Released

Mezon Blanch anonse Jedi ke li jwenn liberasyon, pou rezon imanitè, 135 prizonye politik nan Nikaragwa, e ke peyi Gwatemala pral resevwa yo.

Jake Sullivan, ki Konseye Sekirite Nasyonal nan branch egzekitif Etazini an, pibliye yon nòt kote li deklare ke "Administrasyon Biden-Harris la jwenn liberasyon 135 prizonye politik ke yo te kenbe enjisteman nan Nikaragwa."

Li remèsye otorite Gwatemala yo deske yo "aksepte akeyi sitwayen Nikaragwa sa yo."

Sullivan kontinye pou di Prizonye ke yo lage yo se moun "ke (Prezidan) Daniel Ortega ak (madanm li) Rosario Murillo konsidere kòm menas pou rejim otoritè yo a".

Dapre Mezon Blanch, pami 135 prizonye ke yo transfere nan Gwatemala a gen etidyan, fidèl katolik ak manm òganizasyon misyonè kretyen Mountain Gateway ki baze nanTeksas.

Daniel Ortega, 78 an, se yon ansyen lidè geriya ki te gouvène Nikaragwa nan ane 1980 yo apre triyonf revolisyon Sandinis la.

Li te retounen sou pouvwa a an 2007 e apre sa li te re-eli nan vòt ke kèk òganizasyon entènasyonal, Etazini oswa Inyon Ewopeyen an, pa rekonèt pandan yo akize li kòmkwa li komèt plizyè zak otoritè.

XS
SM
MD
LG