Accessibility links

Breaking News

Nikaragwa Fèmen 151 Lòt ONG, Pami yo Chanm Komès Ameriken an


Foto Achiv: Prezidan Nikaragwa Daniel Ortega nan La Havann Kiba, 14 Desanm, 2021.
Foto Achiv: Prezidan Nikaragwa Daniel Ortega nan La Havann Kiba, 14 Desanm, 2021.

Gouvènman Nikaragwa a fèmen 151 lòt ONG, pami yo kèk nan òganizasyon komèsyal ki pi enpòtan yo, tankou Chanm Komès Ameriken an. Se Ministè Enteryè a ki pibliye dekrè a jedi, sèlman kèk jou apre gouvènman an te fèmen yon afè 1.500 òganizasyon non gouvènmantal, anpil nan yo chita sou relijyon.

Prezidan Daniel Ortega vize òganizasyon non gouvènmantal depi gwo manifestasyon ki te dewoule an 2018 nan peyi a, kote li fè konnen òganizasyon ki resevwa lajan etranje te enplike nan sa li konsidere kòm yon efò pou wete li nan pouvwa a.

Pou kounye a, gouvènman li an fèmen plis pase 5.000 nan yo. Chanm Komès la te santre atansyon li nan ankouraje envestisman ak komès ak patnè komèsyal Nikaragwa ki pi enpòtan.

XS
SM
MD
LG