Accessibility links

Breaking News

Re-eleksyon Maduro nan Venezyela: Prezidan Chilyen an di sa se yon bagay ki "difisil pou kwè"


Chilean President Boric visits Sweden
Chilean President Boric visits Sweden

Prezidan Chili a, Gabriel Boric, se premye chèf deta ki kesyone piblikman rezilta eleksyon prezidansyèl la nan Venezyela, ki bay prezidan sòtan Nicolas Maduro yon twazyèm manda, e Boric konsidere rezilta sa yo "difisil pou kwè".

Boric di sou rezo sosyal X, "Chili pa pral rekonèt okenn rezilta ki pa verifye". "Rejim Maduro a dwe konprann ke rezilta li pibliye yo difisil pou kwè".

Konsèy elektoral la bay Misye Maduro viktwa a ak 51.2% vwa yo, alòske opozisyon an fè konnen li genyen "ak 70% vwa".

XS
SM
MD
LG