Accessibility links

Breaking News

Panama: 10 Migran Nwaye nan yon Rivyè


Migrantes en embarcación cruzan río del Darién
Migrantes en embarcación cruzan río del Darién

Lapolis fwontyè nan Panama rapòte Mèkredi 24 Jiyè a ke 10 imigran mouri neye nan yon flèv toupre liy fwontyè ki sou lanmè ant peyi a ak Kolonbi.

Nan yon nòt pou laprès, kò gad fwontyè a ki rele SENAFRONT, di imigran yo mouri apre larivyè e te desann, e ke gad yo te dekouvèt kadav migran yo nan kominote rekile Carreto ki sou bò dlo a.

Ti vilaj la chita bò Lanmè Karayib la epi li fè pati teritwa endijèn Guna Yala ki dirije tèt li.

SENAFRONT pa bay presizyon sou nasyonalite migran ki mouri yo, ni li pa di si yo te travèse forè Darien nan oswa te moute bato pou antre Panama.

Nan menm deklarasyon sa otorite yo kontinye di "Krim transnasyonal òganize gras ak moun lokal yo nan kominote yo sou kot Karayib la ki kolabore ak yo, se yo ki ensiste pou travèse pasaj ke otorite yo pa otorize, kote yo mete lavi moun sa yo nan gwo danje".

Pasaj Darien lan ki ant Kolonbi ak Panama vin tounen yon wout kle pou imigran k ap vwayaje soti nan peyi nan Amerik di Sid la yo pou travèse Amerik Santral ak Meksik epi rive Etazini.

Malgre danje ke teren difisil la poze ak prezans gang kriminèl vyolan poze, plis pase yon demi milyon imigran san papye travèse Darien ane pase – pifò nan yo Venezyelyen, men gen lòt tou ki soti nan Amerik di Sid ak nan peyi lwen tankou Lachin.

Nan semèn ki pase yo, gouvènman panameyen an fèmen plizyè chemen nan forè a epi louvri yon "koridò imanitè" pou kontwole deplasman migran yo epi anpeche gwoup kriminèl yo fè move zak sou yo.

Prezidan Kolonbyen Gustavo Petro kritike nouvo mezi a, kote li di ke fèmti sa yo ka voye migran yo al mouri neye nan chèche lòt wout sou lanmè maritim pou antre Panama.

Jose Raul Mulino, ki se nouvo prezidan Panama a, te sèmante lè li te nan kanpay pou eleksyon pou l depòte migran yo epi fèmen wout Darien nan.

Apre li te prete sèman nan dat 1ye Jiyè, avoka konsèvatè a te di peyi li pa ta dwe sèvi ankò kòm yon pwen pasaj pou migran san papye fè vwayaj danjere sa yo.

XS
SM
MD
LG