Accessibility links

Breaking News

Peken: Lachin 'Ap Kontinye Pozisyone Li Pou Lapè' nan Ikrèn


Pòtpawòl Ministè Afè Etranjè Chinwa a, Mao Ning, di nan yon konferans pou laprès pandan diplomat Ikrenyen Dmytro Kuleba ap vizite Lachin, ke Peken "pral kontinye kanpe sou bò lapè ak dyalòg".

Mesye Kuleba pwograme pou l rankontre ak Minis Zafè Etranje Chinwa a Wang Yi, pandan rankont sa a, anfaz la pral kanpe sou "avanse kowoperasyon ant Lachin ak Ikrèn ak lòt pwoblèm ki nan enterè komen 2 peyi yo".

Pòtpawòl diplomasi Chinwaz la te pale tou sou pinga ke Lèzetazini te fè konsènan kowoperasyon ant Peken ak Moskou nan rejyon Aktik la e li te pale tou de opozisyon Lachin genyen kont lavant zam Ameriken ak Taiwan, nan moman kote zile otonòm lan ap fè egzèsis militè.

XS
SM
MD
LG