Accessibility links

Breaking News

Tribinal Ris Kondane yon Jounalis Ameriken


Yon tribinal Ris di ke li kondane Alsu Kurmasheva, yon jounalis Ris-Ameriken ki travay pou pou Radio Ewop Lib.

Radyo Ewop Lib / Radio Libete se yon medya ki finanse pa gouvènman ameriken an. Lajistis Ris akize jounalis la deske li te gaye fo enfòmasyon sou lame Ris la e yo te kondane l a 6an edmi nan prizon apre yon jijman sekrè.

Dosye tribinal ak ofisyèl yo te di Lendi kondanasyon an te fèt vandredi nan vil Kazan.

Sit wèb Tribinal Siprèm Tatarstan te di ke Kurmasheva te kondane akoz li te "gaye fo enfòmasyon" sou lame Ris la.

Pwokirè Tribinal Natalya Loseva konfime pa telefòn pou The Associated Press ke Kurmasheva te kondane a 6½ prizon nan yon ka ki klase kòm sekrè, san okenn detay pa disponib sou nati akizasyon yo genyen kont li.

XS
SM
MD
LG