Accessibility links

Breaking News

Lajistis Ris Deside Jounalis Ris-Ameriken Alsu Kurmasheva Dwe Rete nan Prizon


Russia US Journalist
Russia US Journalist

Jistis Ris rejte Madi yon apèl ke avoka jounalis Ris-Ameriken Alsu Kurmasheva te fè devan tribinal. Juj la deside ke yap kenbe jounalis la nan detansyon prevantif omwens jiska 5 Out. Se sa responsab Radyo Ewop Lib ak Radyo Libete di AFP.

Jounalis la ki gen 47 an, te jwenn aretasyon li nan Larisi nan mwa Oktòb 2023 pandan yon vwayaj prive.

Yo akize li kom kwa li pa te anrejistre kòm yon "ajan etranje", yon deskripsyon ki enpoze gwo kontrent administratif sou moun oswa antite konsène yo.

Dapre RFE/RL, yo akize li tou deske li te gaye "fo enfòmasyon" sou lame Ris la, ke lajistis pini pa on pèn 15 ane nan prizon.

Madam Kurmasheva te fè apèl ak desisyon tribinal Siprèm la nan nan Tatarstan e, kont ekstansyon an nan detansyon anvan jijman li a jiska 5 Out pwononse nan mwa me. Kò a rejte demann li nan Madi 18 jen 2024.

Kurmasheva se yon editè pou sèvis Tatar-Bashkir nan Radio Ewòp Lib/Radio Libète - yon medya ke gouvènman ameriken an finanse.

Kurmasheva gen sitwayènte Ameriken ak Ris epi li ap viv nan vil Prag, kapital Repiblik Tchek la, ansanm ak mari l epi 2 pitit fi.

XS
SM
MD
LG